Ayiti ap travèse yon kriz edikatif ki depann an pati de yon kriz literasi nan yon kontèks bilengwis kote se fransè ki lang prensipal ansèyman, alòske se kreyòl ki lang matènèl 100 % popilasyon an. Chwa sa a lakoz yon sistèm edikatif ki pote mak fabrik iletris, abandon ak echèk. Soti nan lekòl rive nan lòt aktivite fòmèl, Ayisyen devlope yon konpòtman diskriminatwa kont kreyòl. Se sa nou rele kreyolofobi a ki anpeche lang nan patisipe nan transfòmasyon sosyal ak devlopman kominote a. Nou analize konsekans eskolarizasyon an fransè a an absans yon literasi an kreyòl pou montre kriz literasi a pa rete sèlman nan lekòl, men li gen konsekans sou tout lòt domèn piblik yo. Nou apiye demach nou an sou teyori sosyal ak apwòch miltip nan literasi pou nou devlope yon baz agimantè teyorik pou montre byen-fonde yon literasi kreyòl pou debite timoun yo nan lekti-ekriti nan lang matènèl yo, yon fason pou yo devlope sou plan kognitif ak sosyo-kiltirèl pou yo ka patisipe nan devlopman sosyete a, epi evite lòt kriz pwoblèm literasi a poze. Literasi eskolè a dwe chita sou pratik sosyal, pratik lokal ak kominotè ayisyen.
No takes yet. Share an insight, caveat, or question.
Nelson et al. (2022) studied this question.
Synapse has enriched 5 related papers. Consider them for comparative context: